Antreprenè, fondatè Kaw Academy
Jesyon Biznis
- 8 modil: estrateji, finans, marketing, RH ak plis
- Modil bonis: AI pou biznis ou
- Sesyon live ak dosye jesyon final
- 3 sètifika anplis ak aksè a Job Paw
Ou deja peye yon kou? Mande lyen afilye pa w, pataje l sou WhatsApp, Facebook oswa Instagram, epi touche 5% chak fwa yon moun peye yon kou atravè lyen ou.
Diplòm pwofesyonèl 2 mwa, 100% sou entènèt, 100% an Kreyòl. Ou ka swiv tout kou a sou telefòn ou. Kòwòt la kòmanse 25 oktòb 2026.
+5%
sou chak moun ki peye25 afilye
pou premye cashout ouChak pwogram dire 2 mwa, li 100% sou entènèt epi 100% an Kreyòl: videyo, dokiman, sesyon live ak sipò.
Ranpli fòm nan pou rezève plas ou. Apre enskripsyon an, w ap antre dirèkteman nan gwoup WhatsApp kou ou chwazi a, kote w ap jwenn tout enfòmasyon ak enstriksyon peman yo.
Fòm sa a se pou moun ki deja peye omwen yon kou sou Kaw Academy. Kreye kòd ou, epi lyen afilye ou pare touswit. Apre sa, antre nan gwoup WhatsApp afilye yo.
Chak etidyan ki deja peye yon kou ka gen yon lyen afilye. Lè yon nouvo moun peye yon kou atravè lyen sa a, ou touche 5% sou montan an.
Se sèlman etidyan ki deja peye omwen yon kou ki ka vin afilye.
Ranpli fòm "Vin afilye" a epi kreye kòd ou. Lyen ou pare touswit.
WhatsApp, Facebook, Instagram, kote ou vle. Kòd ou antre otomatikman nan fòm moun nan.
Lè peman moun nan konfime, 5% anrejistre pou ou. Li vin valide apre 45 jou san ranbousman.
Depi ou gen 25 afilye valide, ou ka mande cashout pa MonCash oswa NatCash.
Ou pa ka touche komisyon sou pwòp enskripsyon pa w.
Yon sèl kont afilye pou chak nimewo telefòn.
Yon komisyon konte sèlman lè ekip la fin konfime peman an.
Si moun nan mande ranbousman pandan 45 jou yo, komisyon an anile.
Pa pwomèt sa Kaw Academy pa ofri, epi pa fè spam nan non Kaw Academy.
Kaw Academy ka bloke yon afilye ki fè fwod epi anile komisyon li yo.
Non. Se sèlman moun ki deja peye omwen yon kou sou Kaw Academy ki ka gen yon lyen afilye. Lè w fin peye, ou ka mande lyen pa w touswit.
Li peye menm pri nòmal kou a. Kòd afilye a sèvi sèlman pou nou konnen se ou ki voye l.
Komisyon an rete an atant pandan 45 jou apre ekip la konfime peman moun nan. Si li pa mande ranbousman pandan 45 jou sa yo, li vin valide.
Depi ou gen 25 afilye valide, sa vle di 25 moun ki peye yon kou atravè lyen ou epi ki pase 45 jou san ranbousman. Kaw Academy peye w pa MonCash oswa NatCash.
Ekri ekip Kaw Academy sou WhatsApp avèk kòd ou, n ap di w konbyen afilye ou genyen, kilès ki an atant ak kilès ki valide.
Antre nan gwoup WhatsApp kou a pou w resevwa tout enfòmasyon yo, epi peye kou a pou konfime plas ou.
Antre nan gwoup WhatsApp kou a Voye prèv peman anOu poko peye? Wè metòd peman yo
Kòd ou:
Antre nan gwoup afilye yoEkip Kaw Academy ap verifye ou te peye yon kou. Se sèlman afilye ki peye yon kou ki ka touche komisyon.